← Retour à la liste
Chant d'esperance creole

1. M ap kalkile yon jou

1. M ap kalkile yon jou Nan syèl la m a wè sa, Andedan tout liv sa yo Tout pechè te enskri; Mwen wè non mwen byen klè, M di Bondye sa pou m fè M lage m nan pye Sovè mwen Mwen regle koze mwen. Kè E la menm, Wi la menm Wi se la menm tout koze mwen te regle Mwen pa pè anyen ankò Dèt mwen yo deja peye E pwoblèm mwen yo ak jij la Tou regle. 2. Sa mwen te fè te twòp E mwen te vle toujou, Tankou yon egare Fè plis peche chak jou, Men lè je m te louvri Mwen wè kijan m te ye Mwen te prese lage mwen Nan pye Jezi sovè m. 3. Jou jijman an pral vini Devan yon gran twòn blan Lè tout mò va vini Liv yo pral louvri Lè yo va chèche non m, Yo pap jwenn li ladan Paske Jezi te enskri l Nan gran liv lavi a. 4. Mete w an règ ak Li E fè sa kounye a, Pa kite twò ta bare w Si w fè menm jan avè m Ou vini jwenn Jezi Jezi va delivre ou L a met non w nan liv la.