← Retour à la liste
Chant d'esperance creole

12. Pitit byenneme nan Jezi

1. Pitit byenneme nan Jezi, Mèveye pawòl lagras; Nan Pitit Li Papa wè nou Gras a Kris Li ban nou plas. Kè: Alèkile nou se pitit Bondye E sa nou va ye pa ko manifeste, Men nou konnen lè Li va parèt, Nou va sanble Li, Nou va sanble Li, Paske n a wè Li jan Li ye. 2. Esperans beni pa lwen nou Byento n a wè glwa Bondye Lè ekla selès parèt tou N a kontanple fas Jezi. 3. Pwomès Kris va reyalize, N a gen menm imaj ak Li, Se pisans Li ki transfòme, Chak moun ki pral konvèti.