← Retour à la liste
Chant d'esperance creole

123. Yon pòv te sèl, chita bò gran chemen an

1. Yon pòv te sèl, chita bò gran chemen an, Li te avèg, li pa te kapab wè; Rad li chire, li tranble nan lonbraj la, Jezi vini, tenèb li vin limyè. Kè Lè Kris vini, pwisans satan fin brize; Lè Kris vini, dlo nan je yo siye. Li pran tristès, Lavi nou plen ak lajwa; Nou vin chanje lè Kris vini rete. 2. Move lespri te chase l lwen lakay li, Pami tonm yo, l te rete nan mizè. Li koupe kò l lè demon yo anpare l, Jezi vini e lage li menm lè. 3. Enpi! Enpi! Lepre a te nan touman, Soud e bebe, yo pa t ba l èd ditou, Lafyèv nan zo l, maladi fin kaba yo; Jezi vini, li wete tout freyè. 4. Kè yo te tris lè yo mete l nan tonm lan, Paske lanmò te wete tout espwa; Yo te an dèy e je yo te tou plen dlo, Jezi vini, penn yo chanje an jwa. 5. Konsa lèzòm twouve Sovè a gen fòs; Yo pa t kapab venk pasyon ak peche, Kè yo brize, kite yo tris e tousèl, Jezi vini, li vini pou rete.