16. Kè mwen boulvèse anba kòlè Bondye
1.
Kè mwen boulvèse anba kòlè Bondye,
Anvi lemonn trennen m
Nan bafon peche
Senyè, pou yon pòv mizerab gen pitye,
Touswit Li pote m sekou kote m te ye.
Kè:
Li retire m nan labou peche,
Li mete pye m sou tè fèm se vre,
Li fè kè m rejwi e m ap chante
Yon chan, Bondye, Alelouya!
2.
Li te mete m sou tè fè m bò kote Li
Pye mwen vin asire nan chemin lavi,
Nanpwen danje ankò, Li kenbe m debou,
M ap mache pazapa avèk Li toujou.
3.
Li mete yon chan louwanj anndan kè mwen
Lannwit kou lajounen se Li m ap chante
Kè mwen ap debòde, nanm mwen afranchi,
Tout glwa pou Redanmtè, Senyè Jezikri.
4.
M ap chante gran mizerikòd Li pou mwen
M ap felisite L jouk tan tout moun konnen
Nanpwen lòt sovè pou lèzòm jodi a,
Vin chèche sekou Li avan li twò ta.