4. Yon vi pou Jezi bay lapè
1.
Yon vi pou Jezi bay lapè
Kon yon rivyè ki pa rete
Difikilte yo konn vini
Men Jezi la, e sa sifi.
Kè
Ede m sèvi ou plis chak jou,
Pou m rete toujou avèk Ou;
M renmen Ou Kris pi plis ke chak jou;
Pa kite mwen ale lwen ou.
2.
Yon vi pou Jezi bay repo,
Li wete nan mwen sa ki fo;
Pawòl li se laverite;
L a gide m pou letènite.
3.
Yon vi pou Jezi bay lajwa
Paske mwen sove pa lafwa;
Zanmi yo mèt abandone m,
Jezi fidèl, Li va kinbe m.
4.
Yon vi pou Jezi bay viktwa
Avèk li m mache pazapa;
Kris te venk dyab, lemonn, lachè;
Kounye a mwen pa bezwen pè.