← Retour à la liste
Chant d'esperance creole

6. Lemonn se pa lakay mwen

1. Lemonn se pa lakay mwen Nan syèl mwen prale; Trezò mwen ak kè mwen Anwo yo tout fikse. mwen tande zanj yo k ap Rele mwen ale la, E mwen pa ka santi m Twò alèz isiba. Kè: Jezi ou konnen ou se sèl zanmi mwen, Si m pa t gen espwa syèl, O Senyè, sa m ta fè? Mwen tande zanj yo K ap rele mwen anlè a, E mwen pa ka santi m Twò alèz isiba. 2. Mwen konnen mwen pa bon, Mwen fè anpil peche, Men mwen gen tout espwa Paske Kris se Sovè m; Se li men ki te mouri Sou bwa Kalvè a E Li te sove nanm mwen pou letènite. 3. Mwen gen kèk byenneme Ki al nan syèl deja; Yo nan bra Jezikri E y ape tann mwen la. Mwen vle kontinyegen Lite kon yon bon sòlda Men Jezi, lè Ou rele m, M a vini avèk jwa.