← Retour à la liste
Chant d'esperance creole

7. Pi bon zanmi mwen genyen se Jezi

1. Pi bon zanmi mwen genyen se Jezi, Li avèk mwen kote m pase; Se Li menm rakonte tout afè m Li toujou ban m konsèy. Kè: Pa gen yon lòt ki renmen m kon Li Li konnen tou sa ki nan kè m Pi bon zanmi mwen genyen se Jezi Pa gen yon lòt kon Li. 2. Lemonn kwè yo ka separe m ak Kris Yo pa kapab, yo pa kapab, Paske alyans la te fèt ak san Li Yo pakab kraze l. 3. Mwen jwenn nan Jezi Tout sa m tap chèche Lapè, lajwa, e lasante E Jezi ban mwen lavi etènèl Sa m pa t kapab achte. 4. Jezi bezwen lòt moun pou zanmi li L ap rele ou, l ap rele ou Si ou reponn Li l a resevwa ou E li va sove ou.