8. Nou regrèt, fòk nou separe
1.
Nou regrèt, fòk nou separe,
Alèkile n ap prepare
Pou nou anbrase e pou nou ale
Lapè, orevwa!
2.
Nan men Bondye ki p ap kaba
Se Li menm k ap gide nou pazapa
Epi nou ka jwi pwoteksyon sa a,
Lapè, orevwa!
3.
Gwo delivrans n ap resevwa
Avèk lanmou Li e pisans lafwa
Kounye a nou pral nan gran travay la
Lapè, orevwa!
4.
Kouraj, kouraj, kenbe lafwa,
Si nou pa ka ret ansanm isiba
Se pou nou fidèl jouk nou nan laglwa,
Lapè, orevwa!