← Retour à la liste
Gloire a Dieu creole

11. Byen pa m pa isiba

1. Byen pa m pa isiba Se pasajè mwen ye, Menm si mwen malere Men sa pa fè m anyen; Jezi se trezò, avèk li mwen satisfè Alelouya! m gen yon plas nan syèl la. Kè O! wi, m santi m kontan Non mwen ekri nan syèl la Menm si sou tè sa a Mwen jwenn difikilte Men sa pa fè m anyen Jezi te pase plis Alelouya! m gen yon plas nan syèl la. 2. Frè m yo nan Senyè a Piga nou dekouraje; Chemen an pa fasil Pou n rive nan syèl la. Mepri, pèsekisyon se sa ki sou wout la Alelouya! yon jou sa va fini. 3. Pa okipe lemonn k ap rejwi jodi a, Y ap fè anpil pwogrè Men tout sa ap pase. Nou Menm ki se Kretyen Nou gen vi etènel Alelouya! se kretyen yo ki rich.