← Retour à la liste
Gloire a Dieu creole

14. Gen yon non mwen renmen chante

1. Gen yon non mwen renmen chante, Se yon non mwen p ap janm bliye, Paske se grasa li mwen sove, Non sa a se non Jezikri Kè O wi mwen renmen Jezi! (3 fwa) Paske Li renmen m avan 2. Gòlgota mwen p ap janm bliye, Se la Kris mouri pou sove Tout pechè ki vle vin lave Nan san li ki koule la. 3. M ap sere pawòl Bondye Nan kè mwen pou mwen pa peche Kont Jezi ki te sove nou Lè li te mouri pou nou.