← Retour à la liste
Gloire a Dieu creole

16. Mezanmi lè m gade, lemonn dejenere

1. Mezanmi lè m gade, lemonn dejenere Se abominasyon. Abitan ap redi, latè pa vle pwodui Se abominasyon. Malere vin pi pòv, manje ap vin pi chè Se abominasyon. Moun ki rich ap pi rich, sa ki pòv ap pi pòv Se abominasyon. Kè Kretyen an nou priye, fò n pa dekouraje; Jezi di nou konsa lè n wè bagay sa yo Konnen l ap retounen Piga nou atriste, piga nou boulvèse, Bonè nou pa isit Fòk nou konnen you jou, kay papa nou nan syèl Tout mizè va fini. 2. Lè n gade jodi a, pa genyen diferans Ant pitit ak papa Chak moun yon sigarèt, y ap pouse lafimen Se abominasyon Pitit gason kon fi pa respekte granmoun Se abominasyon Tout moun ape rele, lontan pa t janm gen sa. 3. Levanjil ap preche, pou lèzòm ta chanje, Se pi mal y ap pi mal Fanm mache toutouni, gason fè pèmanant Se abominasyon Gason ap mete kèl pou cheve yo vin swa Se abominasyon Fanm yo ap abiye menm jan avèk gason Se abominasyon. 4. Yon seri maladi k ap antre nan lemonn Ki kote yo soti? Doktè pa ka konnen di ki sa moun soufri Se abominasyon Fanm gen lanmou pou fanm, gason chèche gason Se abominasyon Lèzòm vin egare, yo tout bliye Bondye Se abominasyon.