← Retour à la liste
Gloire a Dieu creole

17. Te gen yon fanm ki te fè douzan malad

1. Te gen yon fanm ki te fè douzan malad Li t ap plede bay san tout lajounen Depi douzan, ni lannwit ni lajounen Malerèz la depanse tout sa l genyen Apante tout kay doktè Mache lakay gangan pou granmesi Tout moun t ap di pa t gen espwa Fanm sa a se jou li t ap konte pou l mouri. 2. Pandan Jezi t apral kay Jayirus la Ak yon pakèt moun ki t ap avanse Fanm nan prese l kouri antre nan foul la Kon you koulèv li tap fofile Foul la anpil li te fòse l avanse Pyès moun pa t konn sa l te vle Li fè anpil efò jouk tan l rive Fanm nan kanpe, li touche wòb Jezi Li te jwenn yon pisans nan wòb la. Kè A la yon pisans ki gen nan wòb Jezi a! Fanm nan te agi fwa li Sèlman li touche wòb la Epi l te jwenn gerizon Gen yon bagay Senyè a te di fanm nan Sa se yon leson li vle pou n pratike Avèk lafwa nou va jwenn tout sa nou vle Men fòk nou met konfyans nou nan Jezi. 3. Menm Jodi a pandan nou nan legliz la Jezi gen lòt mirak pou l opere Moun k ap priye, ou mèt kontinye priye Gen anpil miray ki pral kraze Pèsevere, pa dekouraje frè m yo Kenbe lafwa tout sè m yo Talè konsa nou pral delivre Tout moun ki vle Kapab goute pisans lan Si yo vle met konfyans nan Jezi.