← Retour à la liste
Gloire a Dieu creole

18. Mwen vle chante pou Jezi

1. Mwen vle chante pou Jezi Moun vle pale de sa Jezi fè pou mwen Mwen p ap sispann ba li glwa Mwen p ap sispann temwanye, Jistan li pran vi mwen. Kè Se nan fatra Kris te ramase m Anba peche, li te soulaje m Se nan fatra Kris te ranmase m Anba peche, li te delivre m 2. Ou menm zanmi k ap koute Eske ou pa wè li ta bon, pou chante pou Jezi? Nan Jezikri se la jwa, nan Jezikri se lapè Poutèt sa m ap chante. 3. Lè m va monte anwo a Pou m al rankontre Jezi, eske ou va la tou? Ebyen m ap envite nou pou n aksepte Jezi N a gen lajwa lavi.