← Retour à la liste
Gloire a Dieu creole

22. Jezi ki renmen mwen

1. Jezi, Jezi, Jezi ki renmen mwen Li vin sou latè, li ban mwen lavi Li mouri pou mwen e mwen sove Jezi resisite mò e li te geri malad yo Li chase demon li fè avèg yo wè Li te geri lepre yo e menm paralitik yo Jezi bon Sovè a te fè anpil mirak. Kè O mwen renmen li, m ap adore li M ap chante poul li, se mèvèye. 2. Men yo te arete l yo te mennen l tribinal Yo te fè anpil riz pou yo te pwan l nan pyèj Jezi pa te koupab men yo te kondane li Yo te krisifye li, li resisite Kounye a li vivan m ap chante pou li O wi mwen kontan li ban mwen lavi. Kè Li mouri pou nou tout, Li ban nou lavi Nou gen rekonesans, n ap chante pou li Jezi, Jezi Si se pou Jezi nou ap chante E si se nan Jezi nou mèt danse Jezi, Jezi. 3. Li te mouri pou mwen, Li te mouri pou ou Sa k fè li fè tout sa? paske li renmen nou Li ale nan syèl la, l ap retounen ankò Pou li ka vin chèche sa ki fè volonte l Li fè nou pwomès, sa se verite Nou pa kap rete san n pa chante pou Jezi.