← Retour à la liste
Gloire a Dieu creole

5. Yon zanmi renmen m, yon zanmi rayi m

1. Yon zanmi renmen m, yon zanmi rayi m, Yon zanmi sove mwen. Zanmi sou latè, se lè m gen lajan, Lè m pa gen lajan mwen pa anyen. Kè Jezi sove m, Li delivre m, Jezi sove nan m mwen. O mwen vle chante istwa li, glorifye non Li Jezi ou se mèt mwen. 2. Mwen rankontre Jezi nan yon chemen, Li mande mwen kote m pral; Mwen di Chè Senyè se ou m ap chache, M ap swiv ou jiska lafen. 3. Mwen te kondane pou m te mouri, Paske peche m te gwo; Jezi rele mwen sou mòn Golgota Pou l ban mwen lavi Etènel. 4. Yon zanmi ban mwen kares, lanmou Toutan m pa nan tonbo. Zanmi sou latè, se lè m gen lajan, Lè m pa gen lajan mwen pa anyen.