← Retour à la liste
Gloire a Dieu creole

6. Men yon bèl promès mwen p ap janm bliye ou

1. Men yon bèl promès: Mwen p ap janm bliye ou. Anyen p ap moleste m ni detounen mwen. Menm si tenèb la fè mwen pa wè ditou, Pi devan limyè selès la va klere. Kè Mwen p ap kite ou ni bliye ou, Nan men mwen mwen kenbe ou, Nan bwa mwen m antoure ou; Mwen p ap kite ou ni bliye ou, Mwen se redanmtè ou, m ap okipe ou. 2. M ap kwè pwomès la: Mwen p ap jann bliye ou. Annavan m ap mache ak yon chan jwaye; Zanmi lemonn bliye m e meprize m tou, Men Jezi sonje mwen, se sa ki konte. 3. Kan lè a rive pou mwen kite tè sa a, M a tande vwa Jezikri Redanmtè mwen: Ou te kenbe lafwa toutan ou te laba Antre isit bon e fidèl sèvitè.