8. Map vwayaje pou yon bèl site
1.
Map vwayaje pou yon bèl site
Kote tout ri yo se lò;
Kote nou prale viv an pè
E jwa mwen p ap janm fini.
Kè
Eske w va rankontre mwen la?
Pou n al viv ak zanj yo.
Eske w va rankontre mwen la?
Kote nou p ap janm di adye.
2.
Sa va pou mwen you gran reyinyon,
Ak Sen yo ki te devan;
Di mwen si ou prèt pou apèl la
Vini bay Jezi kè ou.
3.
O frè mwen di mwen ki jan w ap viv;
Jezi vle ou ale la.
O ki gran jwa jou reyinyon sa a!
Se va lavi pou toutan.