← Retour à la liste
La voix du reveil creole

19. Kenbe fèm nan travay N ap fè pou Jezi

1. Kenbe fèm nan travay N ap fè pou Jezi Wout la pa fasil, Fòf nou toujou soufri Lè Satan ap fè ravaj li toupatou, Mwen konnen Jezi la li va kenbe nou. Refren: Kenbe fèm jouk sa fini, Kenbe fèm jou Kris vini, Kenbe fèm piga ou lage lè Jezi la ou p ap janmen fatige. 2. Yon sòlda p ap janm touché San l pa travay; Fò l toujou rete fidèl nan tout bagay; Fò l pa janmen rekile lè l nan batay; Nou konnen aprè batay n ap gen viktwa. 3. Jezi sere yon bèl kouwòn Pou kretyen, Ki toujou rete fidèl jiska lafen, Va gen tout kalite kouwòn nan jou sa a. Li ta byen pou nou ka pran tout kouwòn yo.