← Retour à la liste
La voix du reveil creole

21. Kè Mwen Boulvèse Anba Kolè Bondye

1. Kè mwen boulvèse anba kolè Bondye, Anvi monn nan trennen m nan bafon peche Senyè pou yon pòv mizerab, gen pitye, Touswit li vin sekouri m kote m te ye. Kè: Li retire m nan labou peche, Li mete pye m sou tè fèm se vre, Li fè kè m rejwi e m ap chante Yon chan, glwaradye! Aleloya! 2. Li te mete m sou tè fèm, bò kote li Pye mwen vin asire nan chemen lavi, Nanpwen danje ankò li kenbe m debou M ap mache pazapa avèk li toujou. 3. Li mete yon chan louwanj anndan kè mwen, Lannwit kou lajounen se li m ap chante. Kè mwen ap debòde, Nanm mwen delivre, Tout glwa pou redanmtè Senyè Jezikri. 4. M ap chante gran mizerikòd li pou mwen Mwen vle selebre jouktan yon moun konnen Nanpwen lòt Sali pou lèzòm Jodi a Vin chache sekou li anvan li twò ta.