23. Senyè Mwen Mande Ou Fòs
1.
Senyè mwen mande ou fòs
Pou m reziste nan konba (2 fwa)
Mwen vle rele fidèl
Jan ou vle mwen ye nan konba. (2 fwa)
Refren:
Lè lespri mwen ta boulvèse
Mwen pa pè mwen konnen m asire nan konba. (2 fwa)
2.
Pran feblès mwen ban m fòs ou
Pou m ka lite nan konba (2 fwa)
Mwen vle swiv ou e ale
Kote ou vle nan konba (2 fwa)
3.
Senyè kenbe m fèm
Pou mwen pa trouble nan konba (2 fwa)
Ou te di mwen tout sa genyen pou rive,
Nan konba (2 fwa)
4.
Nan moman sa nou ye
Si nou pa kenbe ou sa n a fè (2 fwa)
Nou vle rete fidèl
Pou n ka kouwone aprè konba (2 fwa).