25. M ape Swiv Ou, O Bon Sovè Mwen
1.
M ape swiv ou, O bon Sovè mwen,
Nenpòt kote ou prale,
Tout kote ou vle kondwi mwen
Pran devan m ape mache
Refren:
Bon Sovè mwen, m ape swiv ou,
Ou kite mouri pou mwen
Menm si tout lòt moun ta nye ou.
Men Senyè konte sou mwen.
2.
Chemen an te mèt difisil,
San limyè e san tras,
Depi ou la, l ap vini fasil,
M ap swiv tras ou, e m ap mache.
3.
Si mwen fèb, si mwen akable,
Si lapenn anvayi kè mwen
M ape swiv ou ankò san twouble
Wi Senyè konte sou mwen.
4.
Si ou Mennen m nan gran jouden an
Gwo kouran p ap fè mwen pè,
Paske ou traverse l anvan m
Bon Jezi, m ap swiv ou an pè.