← Retour à la liste
La voix du reveil creole

28. Pawòl Bondye di nou: Lè Kris prèt pou l vini

1. Pawòl Bondye di nou: Lè Kris prèt pou l vini Lanmou va refwadi; Anpil fwa va branle Peche va ogmante, Lè syèk la pral fini, Malgre sa, pechè pa Janm repanti Refren: Jezi ap vin maten, Midi ou a minwi Tout mò ki nan Kris yo Va tande twonpèt la Yo va resisite Pou yo ale nan syèl, Kote k p ap gen lanmò, Se viv toutan. 2. Traka isiba yo Ranpli kè nou ak krent, Jouktan nou fin bliye Tout byenfè Bondye yo Imilye nou pou n Sòti anba chatiman, Fòk nou kretyen Pou nou vi n pèleren. 3. Eprèv yo va fini Lè nou monte anwo, Nou va jwaye toutan Lè nou ale nan syèl, N a bliye tout sousi, N a di lemonn adye pou n ale jwi bonè Ki p ap fini. 4. Nou tout te kondane, Jezi fè nou pwomès Si nou vle kenbe li, Nou va jwenn delivrans Pwomès la akonpli Sou lakwa kalvè a. Nou di mèsi Senyè Pou lanmou li.