← Retour à la liste
La voix du reveil creole

30. Genyen yon bon papa

1. Genyen yon bon papa Ki ka fè nenpòt mirak Li konn geri malad E li konn sove nanm yo Li konn chase tristès, E li resisite mò Li padone peche Nan pwen mirak li pa fè. Refren: Wi Jezi Sovè a, Li ka fè tout mirak Li konn geri malad, Li konn chase demon A a! Jezi Sovè a Konn leve menm moun mouri Menm tanpèt avèk van Li genyen pouvwa sou yo. 2. Yon jou li t ap mache, Li rankontre dis lepre Men lè yo wè Jezi yo rele: Pitye pou nou! Men yo te panse Moun te ka lapide yo Menm lè a kè l touche l, Li gen konpasyon pou yo, Li geri yo menm lè, E yo vini pirifye. 3. Yon jou l te sou lanmè Avèk kèk nan disip yo Yon tanpèt te leve, Bak la prèt pou l chavire Li leve men l anlè, Li di van an fè silans Van an te obeyi li E lanmè a te kalme. 4. Yon jou yo te Mennen ba li Yon fanm adiltè Men yo te panse Li ta prale lapide fanm nan Lè li gade fanm nan Li genyen pitye pou li Li di l mèt ale Men pa fè peche ankò.