← Retour à la liste
La voix du reveil creole

32. Kretyen pa dwe gen tristès

1. Kretyen pa dwe gen tristès Tankou moun ki gen espwa; Men konn ki moun nou ye Nou se pitit yon Wa, Mwen di nou an verite; Sa se pawòl sèten, Pou moun k ap swiv Jezi Pou kè nou pa twouble. Refren: Nou dwe kontan, Nou dwe Jwaye Menm zwazo pa plante, Men li rive viv ere Jezi va pran swen nou. 2. Men si lòm te gen lespri Pou yo konnen jan Bondye bon Yo ta met tèt ansanm Yo ta viv tankou de pwason Ki rete nan dlo lanmè; Si nou te kite Bondye Kondwi nou jan li vle; Nou ta wè jan sa bèl. 3. Bondye mete pye nan lòm Pou l mache kote li vle Li wè sa pa sifi Toujou pou lòm mache; Men gen peyi ki lwen anpil, Li ba yo konesans Pou fè avyon vole Pou y al kote yo vle. 4. Men lòm te dwe kalkile Bondye fè yon sèl soley Li mete l nan syèl Pou klere toupatou, Tout kote nou ye sou latè Men se yon sèl solèy Pa mande youn ankò, Ala gran Bondye gran.