← Retour à la liste
La voix du reveil creole

34. Letènèl pran Samyèl

1. Letènèl pran Samyèl, Yon jou nan yon visyon Li voye li lakay Izayi Pou l al chwazi yon Wa Letènèl ekzòte l Piga w chwazi, si ou chwazi, Mwen menm mwen va rejte ou. Refren: Piga ou chwazi (2 fwa) Se mwen menm ki konn sa m a pran (2 fwa) 2. Se menm jan pou lèzòm, Yo gade sou figi; Yo gade sou sa k frape je Mwen menm mwen sonde kè; Mwen sonde mwèl ak zo. Mwen konnen tout sa ki bon Ak sa ki pa bon. 3. Festen an kòmanse, Izayi apwoche Avèk pitit li yo Yo youn apre lòt. Letènèl pa chwazi; Pami tout mesye yo. Si ou chwazi, Mwen menm va rejte ou. 4. Samyèl priye ankò, Li mande Izayi: Eske ou pa genyen lòt pitit ankò? Izay reponn: Mwen rete yon dènye, Se li menm ki okipe mouton yo. Samyèl di voye chèche li Festen an p ap fini san li.