35. Gen yonmouvman vrèman evanjelik
1.
Gen yonmouvman vrèman evanjelik
Kè tout kretye Dayiti avèk jwa,
Paske mesaj la sòti nan Bib la.
Tout jèn nan asosyasyon:
Kris sèl espwa.
2.
Tout monitè lekòl didimanch;
Tout manm legliz yo bezwen temwanye.
Tout moun k ap viv avèk dekourajman:
Kris sèl espwa. (3 fwa)
3.
Ayiti va vrèman pou Senyè a,
Lè tout kretyen vire do bay peche,
Kapab di avèk tout konviksyon:
Kris sèl espwa. (3 fwa)
4.
Tout moun k ap viv avèk dekourajman
Sispann pleyen, sispann mare figi w
Gen yon mesaj ankourajman pou ou
Kris sèl espwa. (3 fwa)