← Retour à la liste
La voix du reveil creole

39. Mwen t ape viv nan peche

1. Mwen t ape viv nan peche, Nan lemonn sa a ki twouble, E m te fè anpil bagay mwen pa t dwe fè; Mwen t ape chèche repo, Yon kote pou mwen poze Pou mwen jwenn lapè, lajwa, Lanmou san fen. Refren: Lòtbò pon an p ap gen traka. Lòtbò pon an, p ap gen tristès Solèy klere lòtbò rivyè a E mwen p ap janm Genyen dlo nan je ankò. 2. Senyè Jezikri ki Wa mwen, Jouk mwen tande vwa l pale Mwen va chante tout mèvèy Li fè pou mwen Rivyè jouden an pre, Vwa twonpèt la va sonnen E mwen va wè bèl kote Lòm pa janm wè. 3. Lè m a rive nan syèl la M a chita ak byenneme yo E m a chante glwa li pou letènite, Kè mwen va ranpli ak jwa, Lè m va wè vil selès la. Kote m a viv pou letan letènite.