← Retour à la liste
La voix du reveil creole

5. Anba lonbraj lakwa Jezi a

1. Anba lonbraj lakwa Jezi a Se la nou va repose; Wi repose nan gras Bondye Ala bèl bagay lè n ap mache Men nou nan men Jezikri, N ap rete fèm nan gras Bondye Refren: Jezi bon bèje ap veye sou nou Li fè nou pwomès, li pa p janm dòmi Se poutèt sa nan kay bèje a Mouton yo gen kè poze; Wi repoze nan gras Bondye 2. Nan pi bèl patiraj ki genyen Se la li fè nou manje; Nan pi bèl zèb anba frechè Nan pi bèl rivyè k ap koule, K ape koule byen trankil, Li fè nou bwè swaf nou pase. 3. Ou menm k ap travay pou Jezi Ou pa bezwen dekouraje; Kenbe pi fèm, ou va rive, Gras Bondye se benediksyon, Eske w pa ta renmen l tou Chwazi Jezi Jodi a menm.