← Retour à la liste
La voix du reveil creole

43. Arebò yon chemen ki mennen Jeriko

1. Arebò yon chemen ki mennen Jeriko; Jezi te rankontre yon mandyan yon vye rad te sou li Tou de je l te fèmen, Li t ap mande charite Refren: Jezi te di l: ou mèt ale ! (2 fwa) Depi menm lè sa a li wè. 2. Lè ou gade nan Jan chapit 8, vèsè 12 Jezi di se li menm ki limyè Moun ki swiv li p ap janm mache Nan nwa ankò Li va gen limyè, lavi. 3. Pawòl mwen se yon lanp Nan pye ou, si ou swiv mwen Yon limyè nan kè nou pou toutan Moun ki swiv mwen p ap janm Mache nan nwa ankò Li va gen limyè lavi.