← Retour à la liste
La voix du reveil creole

44. Lè moman an te pi difisil

1. Lè moman an te pi difisil, Pitit, madanm tonbe malad, Kouche sou kabann lopital Ak lapenn mwen pa nan travay. Yo ban mwen papye preskripsyon Mezanmi m pa gen atouché Mwen louvri bra mwen bay Jezi Se li menm sèl ki ka sove m Refren: Mwen p ap lache Jezi yon may, Avèk li mwen pi asire; Mwen p ap kite Jezi sovè m Avèk li m ap genyen viktwa. 2. Gen sa k te di m al kay bòkò, Ak lajan m al rele vye lwa, Ajenouye m nan pye pechè, Pitit, madanm mwen pra l mouri, Mwen fè yon egzamen konsyans, Si yon nonm te ka bay lavi, Nonm sila pa ta janm mouri Tout tichès late ta pou li. 3. Doktè di m pa genyen espwa Tou de moun yo prèt pou mouri Men mwen di: O non de Jezi! Pa gen anyen dwòl k ap pase. Tou de moun yo pa t ka manje Nan demen, yo mande manje Uit jou pase yo ekzeyate Sou pwoteksyon Jezi Sovè m.