← Retour à la liste
La voix du reveil creole

48. Kite m touche, kite m touche Jezi

1. Kite m touche, kite m touche Jezi, Kite m touche l tan l ap pase la a E, lè l va lonje men l bay lòt yo, Yo va konnen, yo va viv, yo va sove. Refren: O, pou mwen kapab wè men ki lonje, Sovè sa yo ki oprime; Kite m touche, kite m touche Jezi, Konsa lòt yo va konnen Yo va sove. 2. Mwen te pèdi byen lwen Jezikri, Mwen te pou kont mwen, Mwen pa t gen lavi E lè sa a Sovè m nan te touche m Kounye a m ap ede lòt yo K ap viv nan peche. 3. Gen yon rivyè, yon rivyè K ap koule, Ak dlo sa a li lave nanm mwen; E dlo sa a fè lavi mwen briye Sentespri plis pase lajan avèk lò.