← Retour à la liste
La voix du reveil creole

57. Sa fè senk mil ane pase Noye bati lach la

1. Sa fè senk mil ane pase Noye bati lach la Bondye di: M ap voye yon delij Pou detwi latè. Zannimo antre andedan, betizè yo mande Si Noye panse fè lach la sou tè sèk derape. Ak fanmi li, Noye antre, Bondye fèmen pòt la Syel la vin sonm, Zekle pete Pasyans Bondye kaba. Kè Ala yon lapli ! (2 Fwa) Li tonbe pandan karant jou San li pa rete ditou, ditou, Ala yon lapli ! (2 Fwa) Men lach la vwayaje toujou; Ala yon lapli! 2. Moyiz ale sou lòd Bondye Bay pèp la libète, Wa Ejip deklare : Mwen p ap kite esklav ale Banboch nan dezè a, Pwiske yo tout parese, Olye mwen lage yo, M ap fè travay yo redouble. Moyiz reponn ou pral soufri Men Moyiz pa te pè Li kanpe bò rivyè a l leve baton li anlè. Kè Ala yon lapli ! (2 Fwa) Sotrèl, krapo, mouch, pou, ak grèl Grengole ou lejip sot nan syel. Ala yon lapli! (2 Fwa) Farawon pa t kab sipòte l. Ala yon lapl ! 3. Nan tan Eli an Izrael lè Wa Akab renye, Sechrès te rèd, twazan edmi, Lapli a pa t tonbe, Akab banboche sou Kamèl, lè Eli t ap priye Sis fwa, nanpwen anyen, Men Eli pat dekouraje, Byento yon ti nyaj paret, Eli te pran kouraj li di Akab: Ou dwe pare pou yon kokenn lapli. Kè Ala yon lapli! (2 Fwa) Syèl la tounwa, dlo a te frèt; Akab rann kont se te yon jwèt; Ala yon lapli ! (2 Fwa) Lè li rive li mouye nèt Ala yon lapli! 4. Anvan Jezi tounen nan syel kote li soti Ak onz apot yo li promennen jouk nan Betani Li di: lè m rive nan syel M a voye sentespri a Donk rete Jerizalèm Jouk pisans la vini. Sanven disip nan chanmòt la t ap veye e priye Yon van sibit sekwe kay la Benediksyon vide. Kè Ala yon lapli! (2 fwa) Bondye voye Sentespri li, Yo Preche chak moun nan lang pa li Ala yon lapli! (2 Fwa) Mesaj gate nan tout peyi Ala yon lapli!