58. Wa Nebikanetza fè yo leve yon estati
1.
Wa Nebikanetza fè yo leve yon estati;
Li di Yon moun ki pa vle adore estati sa a
Se pou yo mare pye l pou yo lage yo nan fou a
Te gen twa jenn gason ki te refize obeyi.
Refren
Yo te genyen konfyans (3 fwa)
Nan Bondye yo t ap sèvi a
Telman yo te fidèl
Pa menm cheve yo pa t boule
2.
Twa jenn sa yo se te Chadrak, Mechak, Abednego,
Twa jenn sa yo te devwe pou yo sèvi Letènèl;
Tèlman yo te fidèl, yo pat vle sèvi Satan.
Wa a te fè mare yo e lage yo nan dife a.
3.
Lè Wa sonje twa jenn sa yo ki te nan dife a
Li voye al gade, men yo vin di l yo wè ka moun
Katriyèm nan se te zanj Bondye ki te pami yo,
Yo t ap mache nan fou a,
Yo t ap louwe non Bondye.