63. Nan gran jou rezirèksyon an
1.
Nan gran jou rezirèksyon an
Lè twonpèt Bondye sonnen
N a leve, alelouya! n a leve
N a rankontre ak sovè beni
Pi gran esperans nou genyen
N a leve, alelouya! n a leve.
Kè
N a leve, alelouia! n a leve, amen!
N a leve; Nan gran jou larezirèksyon an
Lè pòt prizon lanmò kraze
N a leve, Alelouya! n a leve.
2.
Nan gran jou rezirèksyon an
P ap gen pi bèl reyinyon
N a leve, alelouya! n a leve.
Ak paran nou, frè nou ak sè nou
Ki te chahce vrè padon an
N a leve, alelouya! n a leve.
3.
Nan gran jou rezirèksyon an
N a va jwenn ak Kris anlè a
N a leve, alelouya! n a leve.
Jouk mwen tou l a pote nan laglwa
E tout bagay va ranje
N a leve, alelouya! n a leve.