← Retour à la liste
La voix du reveil creole

8. Mwen pa gen moun k ap separe m ak Kris

1. Mwen pa gen moun k ap separe m ak Kris (2 fwa) Mwen sonje byen kòman m te pèdi; Nan bafon peche kote m te ye Jezi te rachte m ak san li Mwen pa gen moun ki kap separe m ak Kris. 2. Mwen sonje kòman m te nan esklavaj, Jezikri te vini ak san li. E li te retirem nan esklavaj E li peye dèt peche mwen yo, Mwen pa gen moun k ap separe m ak Kris. 3. O! Jezikri se mèvèy pou mwen! Ki moun ke ka separe m ak Kris? Jezikri li menm bon Bèje. Li te bay pwòp tèt li pou sove m E li te rachte m nan men Satan. Ki moun k ap separe m ak Kris ? 4. Mwen pa kapab bliye soufrans Jezi (2 fwa) Yo te pandye li sou lakwa, Yo te souflete li ak kalòt, E li aksepte tou sa pou mwen. Ki moun ki ka separe m ak Jezi? (2 fwa)