← Retour à la liste
La voix du reveil creole

74. Bò pi Jakòb la yon jou le Senyè a

1. Bò pi Jakòb la yon jou le Senyè a Rankontre yon Samaritèn Ki vini pran dlo, Jezi mande li bwè Fanm sila etone Eske ou pa konnen Jwif avèk Samaritèn Pa gen okenn rapo, Pa gen okenn relasyon; Pouki ou mande mwen bwè. Si ou te konnen ki don Bondye E kilès ki di w bacli bwè Se ou menm pito ki ta mande E mwen Ta ba ou yon bon dlo; Yon dlo ki pa p jan fini E ki va dire nan lavi ou Pou tout letènite. Refren Mezanmi tande mwen Jwenn yon Nonm Ki di mwen tout sa mwen fè, Nonm sila se yon pwofèt Eske se pa li menm ki Kris la! Mezanmi tande mwen Jwenn yon nonm Ki di mwen tout sa mwen fè, Nonm sila li se pitit Bondye Se li menm ki Mesi a, Li konnen tout sa ki nan kè mwen. Sa se yon bagay ki mèvèye ! Li ban mwen yon dlo Pou mwen pa Janm swaf. 2. Lè fanm nan tande Jezikri Kapab ba li yon dlo Pou li pa jan m swaf, Fanm nan etone pi plis Li mande ki kote Ou Va jwenn bon dlo ? Tou de men ou vid Ou pa gen anyen pou pran dlo Eske ou pi gran pase Jakob ki bay pwi sa a, Ban mwen yon ti gout ladan n. Jezi di fanm nan: kote mari w, Ale chèche l epi vin jwenn mwen. Fanm nan bay manti Men, elas! Pa gen Pyès moun Ki ka twonpe Jezi. Ou di ou pa gen mari, E poutan ou pase senk deja E dènye a pa pou ou. 3. Mezanmi tande mwen jwenn yon nonm Ki ban mwen yon dlo Pou mwen pa janm swaf (bis 3 liy) Vini bwè dlo sa a Epi swaf ou va pase.