← Retour à la liste
La voix du reveil creole

78. Elas! elas! Mwen regrèt sa pou lemonn

1. Depi nan tan lontan Lèzòm te toujou mechan Kayen touye abèl se sa n wè lòm pratike Jezi vin sou latè Pou wete peche kriminèl yo Y arete l, yo touye l, Yo kloure l sou lakwa. Kè Elas! elas! Mwen regrèt sa pou lemonn Talè konsa lemonn pral boulvese vre Elas! elas! Mwen regrèt sa pou lemonn Talè konsa lemonn pral dlo nan je 2e kè Elas! elas! Nou wè lemonn mechan vre Peche fè lòm vire do bay Letènèl Jezi vini pou anonse wayòm nan Kote jistis Bondye va eklate. 2. Akab a Jezabèl Met ansanm yo touye Nabòt Akab ak Jezabèl te panse Bondye pa t wè yo Sa pa t rete konsa, Letènèl te kondane yo Yon jijman, yon egzanp Bondye trase sou lòm. 3. Lèzòm fabrike zam Se pa pou yo detwi pye bwa Lèzòm fabrike zam Se pa pou detwi zannimo, Lèzòm fabrike zam Se pou yo detwi lòm parèy yo Y ap touye Y ap jete w Kè yo pa janm sote, elas. 4. Pou nenpòt ti bagay Nou wè moun ape touye moun Pou nenpòt ti plezi Nou wè moun met kouto sou moun Moun pa ka gade moun Yon moman yo mete ou kadav Y ap touye, y ap boule, Epi y ap banboche, elas.