← Retour à la liste
La voix du reveil creole

79. Otrefwa m te kouche

1. Otrefwa m te kouche, Je louvri m t ap panse Ak kòmannman Jezi Te bay disip li yo Mwen te santi lè sa a, Yon gran transfòmasyon Yon rivyè t ap koule Nan je mwen. Kè: Jezikri aprann nou, Nou dwe gen tèt ansanm Pi gran Kòmannman an, Se pou youn renmen lòt Ak tout fòs ak tout kè Padone frè nou yo Pi gran Kòmannman an, Se pou youn renmen lòt. 2. Ann aprann padone Tout frè ak sè nou yo Menm lè yo meprize w Bon papa a padone yo Pa kriye, pa plenyen, Reziye ou frè mwen Soufrans lan di se vre Pran Kouraj. 3. Pataje ak frè ou Tristès li ak penn li Se sa Jezi mande Pou nou yon soufri pou lòt, Pa imilye frè ou pa imilye sè ou Nou tout en jeneral se pousyè.