← Retour à la liste
La voix du reveil creole

81. Ou bezwen Konnen

1. Ou bezwen Konnen Koman Jezi te sove mwen? Li te vin wete m nan monn egare Mwen te gen lajan, Men mwen pa t genyen yon bi; Sete plezi, manje, Byen bwè e mouri. Jezi nan lanmou Li, Te ban mwen apèl sa a: Vin jwenn mwen, Moun ki fatige e chaje; M ava soulaje ou, M ava pwoteje ou. Pou tout pwoblèm ou Mwen genyen vrè solisyon; Ou va gen lavi, jwa Lapè pou toutan, Ou va gen espwa, lavi etènèl. 2. Mwen kite Satan Pou mwen vin aksepte Jezi; E depi lè sa a tout lavi m te chanje Tout tristès mwen te ale Lajwa te ranpli m. Lajan m kounye a, Mwen p ap pote li bay ougan; M ap chita manje li Avèk fanm mwen. Lajan m kounye a, Se pou travay Bondye; Li pran sousi mwen, Gade kijan m viv byennere. Pwoblèm pa twouble m Paske m gen Jezi. Jezi vini, li ban mwen lavi. (2 fwa)