← Retour à la liste
Melodies joyeuses creole

2. Lè la vi mwen va fini

1. Lè la vi mwen va fini E mwen janbe rivyè a, Lè mwen wè briye yon maten glorye M ava konnen Redanmtè mwen Lè m a rive nan syèl la E souri Li va pou mwen yon byenveni. Kè: M ava wè Li, m a konnen Li, Lè ma kanpe bò kote Jezu Kri; Ma va wè Li, ma konnen Li Ak mak klou yo Li genyen nan min Li. 2. Ala kontan m a kontan Lè m a wè Li fasafas Ak tout gran amou Kap briye nan je Li! O! kè mwen va louwe Li Pou mizerikòd ak gras! Ki pare pou mwen yon bèl plas nan lakay Li. 3. Nan bèl peyi anwo a Mwen genyen kèk byenneme, Mwen sonje lè yo te di mwen orevwa Ak lajwa yo va chante Lè yo wè m ape rive, Men mwen ta vle wè Sovè mwen premyèman. 4. M ape antre nan vil la Ak yon ròb blan ki san tach Kote p ap gen soufrans ni tristès ankò; M ape chante ak zanj yo Nan yon si bèl amoni Men mwen ta vle wè Sovè mwen premyèman.