← Retour à la liste
Melodies joyeuses creole

32. Yon vi pou Jezi bay lapè

1. Yon vi pou Jezi bay lapè Kou yon rivyè ki pa rete; Difikilte yo konn vini Men Jezi la, e sa sifi. Kè: Ede m sèvi Ou plis chak jou, Pou m rete toujou avèk Ou; M renmen Ou, Kris, pi plis chak jou; Pa kite mwen ale lwen ou. 2. Yon vi pou Jezi bay repo, Li wete nan mwen sa ki fo; Pawòl Li se laverite; L a gide m pou letènite. 3. Yon vi pou Jezi bay lajwa Paske mwen sove pa lafwa; Zanmi yo mèt abandone m, Jezi fidèl, Li va kenbe m. 4. Yon vi pou Jezi bay viktwa, Avèk Li m mache pazapa; Kris te venk diab, lemonn, lachè; Kounye a mwen pa bezwen pè.