← Retour à la liste
Melodies joyeuses creole

43. Tout lavi mwen, mwen t ap soufri

1. Tout lavi mwen, mwen t ap soufri, M t ap chèche yon dlo pou m bwè; Ki t ap soulaje m pou toutan, Swaf la ki te plen kè mwen. Kè: Alelouya mwen jwenn Jezi Lontan nanm mwen te chèche; Jezi satisfè tout kè mwen, Se ak san Li mwen sove. 2. Manje lemonn te plen vant mwen Men mwen pa t gen kè poze Mwen t ap chèche sa ki pi bon Nanm mwen te toujou grangou. 3. Mwen te pòv, lajan m t ap chèche Yon bagay pou satisfè m, Men tou sa mwen t ap rasanble Pat fè anyen pou nanm mwen. 4. Yon sous dlo ki toujou koule, Pen lavi si bon, san pri, E richès ki satisfè mwen. Mwen jwenn tou sa nan Jezi.