← Retour à la liste
Melodies joyeuses creole

45. Jezi sove m e Li toujou renmen m

1. Jezi sove m e Li toujou renmen m; Nan pwen anyen ki ka separe nou. Li te mouri pou rachte nanm mwen; Kounye a mwen pou Li. Kè: Kounye a mwen pou Jezi, Jezi pou mwen menm tou; Pa sèlman pou lavi sa a, Li kenbe m pou toujou. 2. Mwen menm te pèdi se akòz peche m; Jezi desann sou latè pou ede m; Li wete mwen nan wont ka mizè; Kounye a mwen pou Li. 3. Lajwa ape debòde nan kè mwen; Kris, Pitit Bondye, se Redanmtè mwen, Pa mwayen san Li mwen libere; Kounye a mwen pou Li.