80. Lè kè ou byen tris, O gade Jezi
1.
Lè kè ou byen tris, O gade Jezi,
Se pi bon zanmi ou ka genyen,
Ou va jwenn Jezi kanpe tou pre ou,
Pou konsole ou chak lè, chak jou.
Kè:
Kè w tris, di Jezi tout bagay, Ale kounye a,
Pa pran tan pou di Li tout,
Kè w tris, bay Jezi tout chay la,
Li va ranpli kè w avèk lajwa.
2.
Jezi bay lajwa nan plas gwo tristès,
Li bay soulajman nan plas lapenn,
Jezi se toujou gran doktè a,
Lè ou chèche L,
W a jwenn Li san dout.
3.
Jezi konnen nenpòt traka ou genyen,
E Li vle geri nanm ou twouble,
Eske w va gen konfyans nan lanmou Li?
Jezi sèl ka geri lespri ou.