← Retour à la liste
Melodies joyeuses creole

82. Nwit espesyal, bèl zetwal yo ap briye

1. Nwit espesyal, bèl zetwal yo ap briye, Se lannwit lè JeziKri te fèt. Lontan lemonn te egare nan peche Jouk Li parèt e nanm mwen te viv ankò. Kè: Gwo kontantman, tout monn lan ape rejwi Lè gwo limyè a fè yon nouvo jou parèt. Mete jenou atè. O tande sa y ap chante! Nwit espesyal! O nwit! O nwit! lè Kris te fèt Nwit espesyal! O nwit, O nwit! espesyal! 2. Nou swiv limyè sa a avèk tout gwo lajwa, Kè nou rampli ak lanmou pou JeziKri. Adore Senyè a ki fèt pou sove nou, Ann swiv Li menm jan Maj yo te swiv Li.