84. Lanmou Bondye, li gran anpil
1.
Lanmou Bondye, li gran anpil
Kon yon sous dlo k ap koule
Li soti fon nan kè Jezi
E li p ape janm fini.
Kè:
Li va louvri bèl pòt syèl la
E se sèten m ap antre
Paske Jezi vèse san Li
Pou sove mwen nan peche.
2.
Mwen te kon yon mouton blese
Kon yon zwazo ki pran kou
Kè m te brize men Li geri m
Li plen kè mwen ak lajwa.
3.
Lè vwayaj mwen va tèmine
Nan syèl la m ava rive
Grasa lanmou Jezi si gran
Li va di mwen vin antre.