85. Nan syèl, se la m prale Pou tout letènite
1.
Nan syèl, se la m prale
Pou tout letènite.
Se lè sa a glwa L va revele
Lè m rive nan syèl la
Jezi ap mennen m la
Se pou sa mwen vle ale.
Kè:
Mwen va rankontre tout Kretyen yo,
Grasa san ti mouton an.
E se la m a viv toujou.
Ansanm avèk Jezi sovè mwen,
M a rejwi nan prezans Li.
Se pou sa mwen vle ale.
2.
M ap wè bèl sous lavi,
Lajwa nan JeziKri.
Ala kontan m a kontan wèl!
Se la limyè l klere, pou tout letènite.
Se pou sa mwen vle ale.