← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

103. Adore li! Jezi, Redanmtè beni nou

1. Adore li! Jezi, Redanmtè beni nou Chante amou l, anonse l toupatou. Adore li! Zanj yo ki pi wo nan Syèl la; Fòs e lonè pou Jezi, Sovè a. Kon yon Bèje, Jezi veye pitit li, Toujou l ape pote yo nan bra li. Adore li! Pale sou gras li montre nou; Adore li! Nan chan jwaye chak jou. 2. Adore li! Jezi Redanmtè n’ap beni; Pou peche nou, li te soufri, mouri. Li se wòch nou, espwa lavi etènèl la; Adore li! Jezi krisifye a. Chante louwanj li, Jezi pote tristès nou. Amou Jezi mèvèye, san fen tou. Adore li! Pale sou gras li montre nou; Adore li! Nan chan jwaye chak jou. 3. Adore li! N’ap beni sèl redanmtè a; Jouk pòt Syèl la y’ap tande Ozana! Jezi, Sovè, va renye pandan tout syèk yo Kouwone li Pwofèt, e Prèt, e Wa. Kris ap vini Gran Chèf sou tout latè a; Pou Jezi, tout pisans avèk tout glwa. Adore li! Pale sou gras li montre nou; Adore li! Nan chan jwaye chak jou.