← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

108. Labib di nou te gen yon nonm

1. Labib di nou te gen yon nonm Ki viv nan tan lontan, Li te byen rich, men li santi Li bezwen plis ke lò. Kè Wi, mezanmi, gen yon bagay Ki plis pase lò! Konnen peche ou padone, Se pi bèl pase lò! 2. Nonm nan se te yon moun ti tay. Yon jou moun yo vin di l Men Jezi prale vin ofri Yon bagay plis ke lò. (Kè) 3. Nonm lan te monte yon pyebwa, Pou li te kapab wè Sovè a ki kapab ofri Yon bagay plis ke lò. (Kè) 4. Byento Jezi te vin bò la, Li wè nonm nan anlè. Epi li rele l, e li di l: “Fòk mwen al lakay ou” (Kè) 5. Nonm nan te obeyi touswit; E li te wè se vre Ke byenfè Jezi te ba li Se te plis pase lò. (Kè)