← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

109. Jezi, mwen te pwomèt ou

1. Jezi, mwen te pwomèt ou Pou m swiv ou jouk lafen; Rete tou pre mwen toutan, Mèt mwen e zanmi mwen. Mwen pa pè sa k ap rive m, Lè ou rete tou pre m; Mwen pa p pèdi nan wout la, Lè ou mache avè m. 2. M santi lemonn twò pre mwen; Jezi rete pi pre. Gen de bagay ki tante m; Pou mennen m nan peche. lenmi m yo, yo toujou la, Yo anndan kè mwen tou; Men Jezi, ou ka sove m, Rete pi pre toujou. 3. Kite m tande ou pale Byen klèman, pou m kapab Konnen se vwa w ki pale, Malgre tout vwa peche. Pale pou ban m plis konfyans, Pou m fè tou sa ou vle. Pale, e fè m koute ou Se ou ki gadyen mwen. 4. O Jezi, ou te pwomèt Tout moun yo k ap swiv ou, Kote w a ye nan Syèl la, Se la yo va ye tou. E Jezi, mwen te pwomèt Pou m swiv ou toutan, O ban mwen gras ou anpil, Mèt mwen e zanmi mwen. 5. Kite m wè tout tras ou yo, Pou m mete pye ladan. Tout espwa mwen pou swiv ou Se nan fòs ou sèlman. O gide mwen, e rele m, Soutni m jouk sa fini; Epi pran mwen nan Syèl la, Mèt mwen e Zanmi mwen.